Kilès nou ye
Yon mouvman ki gen objektif ak responsablite
Nou menm, jèn gason ak jèn fi ayisyen, ki konsyan de reyalite sosyal, politik ak moral peyi a, ini pa yon menm dezi pou chanjman responsab, nou deklare kreyasyon MOJEDHA – Mouvman Jèn Angaje d Ayiti.
MOJEDHA pran nesans nan konsyans kolektif yon pati nan jenès ayisyen an, espesyalman jenerasyon 2000 la, fas ak marginalizasyon, estigmatizasyon ak diskreditasyon kontinyèl yo fè sou sa yo rele mank eksperyans nou, pandan y ap paradoksalman prezante jenerasyon nou an kòm avni nasyon an.
Nou refize rete senp espektatè nan desten peyi a. Jèn jenerasyon 2000 yo afime detèminasyon yo pou vin aktè angaje nan rekonstriksyon Ayiti jodi a ak demen.
Objektif prensipal mouvman an se ankouraje angajman sivik, responsablite, entegrite, souverènte nasyonal ak patisipasyon aktif jèn yo nan devlopman Ayiti.
Jèn jenerasyon 2000 yo afime chwa ak angajman yo pou rete Ayiti, travay ansanm epi goumen pou byennèt kolektif nasyon an.
Antanke gwoup jèn sitwayen angaje:
Nou rejte tout fòm depandans ki mete an danje diyite ak souverènte nasyonal la, pandan n ap rekonèt valè konsèy ak sipò granmoun ki onèt, ki pa kòripsyon, epi ki aji nan pi bon enterè peyi a.
Mouvman an fonksyone dapre lwa Repiblik Ayiti epi li chita sou konviksyon ke avni peyi a repoze sou yon jenès responsab, konsyan ak angaje.
- Ayiti an premye : "Ayiti sèlman."
- Jenerasyon 2000 : "Ayiti 2050".
Kòz nou konsantre sou yo
Mouvman nou an angaje pou bay jèn ayisyen yo pouvwa pou yo vin lidè chanjman pozitif. Nou konsantre sou jistis sosyal, opòtinite ekonomik, ak souverènte nasyonal, pandan n ap angaje jèn yo nan aksyon sivik, edikasyon, ak devlopman kominotè. Atravè inite, entegrite, ak angajman, n ap travay pou konstwi yon Ayiti ki pi fò, pi enklizif, epi ki kapab konte sou tèt li pou jenerasyon jodi a ak jenerasyon k ap vini yo.
Ann pran aksyon
Yon mouvman jèn ki dirije pou jistis sosyal, opòtinite ekonomik, ak souverènte nasyonal.
Youth Rising for Justice
Young people are uniting to demand justice, equality, and real change.
Youth Voices Matter
A youth-led movement speaking up for equity and opportunity.
A Future We Deserve
Building a just and equitable future for the next generation.
Kijan Ou Ka Ede
Gen anpil fason pou patisipe epi fè yon diferans. Chwazi kijan ou vle kontribye.