About Us

Angajman Nou

Vizyon MOJEDHA

Vizyon MOJEDHA se pou wè yon Ayiti ki souverèn, ki estab, epi ki gen diyite, soutni pa yon jenès ki konsyan, angaje, epi ki byen anrasinen nan peyi li.

Mouvman an swete wè leve yon jenerasyon jèn fanm ak gason ayisyen — Jenerasyon 2000 — ki pran tout responsabilite istorik yo nan konstwi Ayiti pou rive nan lane 2050, sou baz diyite, responsabilite, jistis, ak travay di.

MOJEDHA kwè nan yon jenès ki chwazi rete ann Ayiti, angaje li, epi rebati peyi nou an, fidèl ak deviz li :

“Ayiti an premye. Ayiti sèlman.”

Vizyon MOJEDHA

Atravè mouvman sosyal popilè li Jenerasyon 2000 – Ayiti 2050, MOJEDHA vize mobilize, sansibilize jèn Jenerasyon 2000 yo, epi ba yo pouvwa pou yo vin sitwayen ayisyen aktif ak responsab, pandan yo vin katalis pou chanjman reyèl nan kominote nou yo ak nan peyi nou, Ayiti, nan domèn mantalite sosyal, enjistis sosyal, inegalite ekonomik ak souverènte nasyonal.

MOJEDHA ap travay pou ankouraje angajman sivik, entegrite moral, otonomi, ak patisipasyon aktif jèn Jenerasyon 2000 yo.

Li angaje l pou fòme jèn ki kapab reflechi pou kont yo, aji ak responsabilite, epi defann pi bon enterè nasyon an.

Valè moral

Valè fondamantal sa yo gide tout sa nou fè ak fason nou sèvi kominote nou yo.

Entegrite

Aji avèk onètete, transparans ak dwat devan nan tout sikonstans. Manm MOJEDHA yo rejte koripsyon, manti, ak nenpòt konpwomi ki fè nasyon an mal.

Respè

Respè pou tèt nou, pou lòt moun ak pou enstitisyon yo. Respè pou diyite moun, pou diferans opinyon ak pou deba demokratik se nan kè aksyon nou yo li ye.

Patriyotis

Renmen Ayiti, sèvi li epi defann li ak responsablite.
Patriyotis MOJEDHA a aktif: li manifeste atravè angajman, sakrifis ak travay pou byen komen an.

Responsablite sivik

Chak jèn konsyan de wòl li nan konstwi lavni nasyon an. Nou asime devwa nou ansanm ak dwa nou.

Disiplin ak rijè

Chanjman mande lòd, konstan ak serye.
MOJEDHA bay disiplin anpil valè kòm fondasyon efikasite ak kredibilite.

Solidarite

Okenn Ayisyen pa dwe rete dèyè. Nou kwè nan fòs kolektif la, nan sipò youn pou lòt, ak nan kowòdinasyon sosyal pou fè fas ak defi nasyonal yo.

Etik nan lidèchip

Lidè ki sèvi, pa sa k ap chèche pouvwa.
Yon lidèchip ki baze sou egzanp, sou koute, ak sou yon vizyon alontèm.

Kouraj ak angajman

Gen kouraj pou di non ak enjistis, ak medyokrite, ak fatalis. MOJEDHA reprezante yon jènès ki kanpe dwat, ki konsyan, epi ki detèmine.

Angajman Nou

Nou menm, jenerasyon 2000 la, nou fè sèman jodi a devan Bondye, devan jèn yo, devan nasyon ayisyèn nan, pou nou pratike entegrite, respekte lwa peyi nou, onore zansèt nou yo, epi respekte chak sitwayen.

Jodi a, nou pran angajman pou soutni epi kontribye ak lanmou nan tout chanjman pozitif pou rejyon nou, kominote nou, ak peyi nou.

Jodi a, nou pwomèt pou nou rete viv nan peyi nou, pou nou travay ansanm pou kontantman ak pwogrè Ayiti.

Jodi a, nou menm jèn jenerasyon 2000 la, nou rejte ak tout fòs nou, sou tout fòm, nenpòt entèvansyon etranje nan zafè peyi nou.

Jodi a ankò, nou rejte tout tantativ divizyon pami nou, pitit gason ak pitit fi Manman Peyi a.

Jodi a oswa pa janm, nou deklare: Nou pap trayi!

Nou pa ni achtè ni vandè!
Yon sèl jèn, yon sèl pèp, yon sèl Ayiti!

Ayiti an premye, e se sèlman Ayiti!

Lidè nou yo

Dr Danielle Wainwright

Co chair

Me Ludwig Leblanc

General Counsel

Richline E Magloire

National coordinator

Dina Raymond

General Secretary

Dayana Lenescar

West coordinator

Harry K. Louis

Project Coordinator

Lovens Eliassaint

Media & Tech Director

Scroll to Top

Become A Mentor

Mentorship Form

Become A Member

New Membership Form

Become A Member

[hubspot type="form" portal="244823809" id="350e6f50-06fb-4e6a-9757-8f2b73884db0"]

Become A Sympathizer

[hubspot type="form" portal="244823809" id="fa1f1c45-f72c-4a4a-a10e-8644e5f81904"]

Become A Mentor

[hubspot type="form" portal="244823809" id="cc7af9ee-afbb-4b4d-b001-c4cbfd3a6105"]

Become A Member

[hubspot type="form" portal="244823809" id="95324e7a-51de-46a8-9008-2903d5189d65"]

Become A Member

[hubspot type="form" portal="244823809" id="95324e7a-51de-46a8-9008-2903d5189d65"]

Join An Event

[hubspot type="form" portal="244823809" id="6d4f042e-d922-4cab-8dbb-e33b717c7e99"]

Register Now

[hubspot type="form" portal="244823809" id="60772e73-6157-4dee-b04a-df436d88a2a9"]